M ap ekri pou ou
Pou tout moun ou te renmen
M a voye l Lamatinik
M a voye l La gwadloup
Voye l Lagiyàn
Voye l Lil Moris pou yo li l
M a voye l Lalwizyàn tou
M a li l nan radya pou tout moun tande
M ap ekri yon liv nan lang pa m
Mesye a yo mèt ri
M konn sa m ap fè
M gen 2 ou 3 bagay pou m di
M gen yon koze pou m koze Ak moun pa m
Kristyan Bolye o » (« Ô Christian Beaulieu ») est un poème extrait du premier recueil de Félix Morisseau-Leroy, Diacoute I (1953).
Notes: Nous publions ce texte pour rendre homage a Felix Morisseau Leroy, a l'occasion du dixieme anniversaire de sa mort.
Distans
Map mache pye atè
toutouni nan riyèl kè w
tout santye
mennen m yon sèl kote
de pla men w
se la m jwenn
solèy leve msere liben m
pale pale
mache bouske pi devan
sa demen sere pou nouse mistè
mwa d desanmgen yon fredi k antre
jouk nan sèvo m
tonton nwèl bliye m
m lonje menm tout longè
eseye fè l janbe fwontyèwè
si pwent dwèt nou
te ka touche
pase kouranfè
san n mache
mwen voye kè m ba ou
ou voye pa w ban mwen
yo ret kwoke nan wout
fredi lamerik dinò
fè yo tounen glas
yon vè wonm
jan m renmen l layon ti kout fil
nan mitan lanwit
de twa ti mo
ki fè m frèt fè m cho
ki reveye dènye sans mwen
pasyon mwen
anvi mwen
rèv mwen
sansasyon mwen
panse malelve mwen
yon distans lan mitan nou
kè nou kondane
lanmou fè jeretyen
Jeanie Bogart
Poetesse et diseuse, Jeanie Bogart est l'un des lauréats de la 1ère édition du Concours de Poésie en Langue Créole de la Caraïbe Prix Gilbert Gratiant organisée par l'association KALBAS LÒ LAKARAYIB (KL2).
Gade’w
Chak fwa mwen we’w
Yon bagay
Di’m gade’w
Alò, mwen tonbe gade’w
Kòm si se premye fwa
Mwen we’w
Mwen gade’w
Ak tandrès
Mwen gade’w
Ak apeti
A fòs mwen gade’w
Yon bagay di’m touche’w
Se domag ke men’m
Pi kout ke je’m
Roosevelt Boncoeur
Texte inédit (Aout 2008) tous drois réservés
No comments:
Post a Comment